AYTI FÈ PATI PEYI KI KAPAB BENEFISYE TPS

Kisa ki TPS?

TPS ki vle di nan lang anglè: “Temporary Protected Status” se yon desizyon ke Sekretè Sekirite Nasyonal Ameriken an ka pran pou pèmet sityawen yon lòt peyi rete nan peyi etazini pou yon tan limite.
Plizye rezon ka lakòz desizyon sa a, tankou: dezas natirèl oswa pwoblem politik ki pa pèmèt yon sitwayen rantre nan peyi li.

Kiyes ki gen pouvwa deziyen yon peyi pou TPS?

Se Sekretè Depatman Sekirite Nasyonal Ameriken an ki gen otorite chwazi ki peyi ki kalifye pou TPS epi deside pandan konbyen tan sitwayen peyi sa a kabab rete nan peyi Etazini. Nomalman Sekretè a gen pou li konsilte ak lòt ajan nan gouvènman Ameriken an avan li pran desizyon saa.

Jodia gen plizyè peyi ki kalifye pou TPS Ozetazini. Nou ka site de peyi tankou, El Salvador, ak peyi Lasiri ki kenben kalifikasyon sa a pou plis pase 10 lane.

Se poutèt saa tout Ayisyen kap viv Ozetazini san papye ta dwe enskri nan pwogram TPS la pou yo wè si yo kalifye.

Kondisyon yon sitwayen Ayisyen dwe genyen pou li kalifye pou TPS

Sekrete Depatman Sekirite Nasyonal la pòko pibliye lis nouvo kondysyon peyi Etazini pral mande pou yon sitwayen Ayisyen kalifye nan pwogram TPS la.

Sepandan, nap raple kèk ansyen kondisyon Depatman Sekirite Nasyonal Ameriken an te deja tabli pou TPS la nan tan pase:  

  1. Fòk ou yon sitwayen Ayisyen
  2. Fòk ou genyen yon adrès kote wap viv nan peyi Etazini
  3. Fòk ou pa janm deplase nan peyi Etazini oswa rantre an Ayiti depi dat pwogram TPS la te deklare
  4. Fòk ou komanse yon aplikasyon pandan peryod “open registration” lan

Ki kalite Benefis TPS ka pote pou sitwayen Ayisyen?

Si yon sitwayen Ayisyen kalifye pou TPS, sitwayen sa a kapab jwenn:

  1. Otorizasyon pou li travay
    TPS pèmèt ou travay Ozetazini. Si ou ta kalifye pou TPS epi ou ta renmen travay, fòk ou pran anpil prekosyon paske ou ka vyole lòt estati ou genyen andan peyi Etazini.
    Nou ka ede’w konprann ki estati ou genyen epi si ou ka travay nan peyi a san pwoblem.
  2. Dokiman “Advance Parole”
    “Advance Parole” se yon dokiman ke tout moun ki gen TPS ka aplike pou li. Dokiman sa pèmèt ou vwayaje nan lòt peyi memsi viza nan paspò ou ta espire.
    Sa vle di nenpòt Ayisyen ki aplike pou TPS epi ki apwove, ka vizite Ayiti oswa nenpot lòt peyi si li jween Dokiman “Advance Parole” la.
  3. Proteksyon kònt depòtasyon

Eske ou ka fè yon aplikasyon TPS avek yon Notè?

Ozetazini nenpòt moun ka notè. Genyen anpil biwo oswa biznis kap fè pwomosyon pou sèvis “imigrasyon”, “taks”, oswa “divòs”.  Si ou ta gen bezwen yon sèvis konsa, nap ankouraje’w kontakte yon kabinè avoka. 

Lajan yon biwo notè ap mande’w pou sevis sa yo kapab pibon mache pase yon kabinè avoka, sepandan, ou kapab pa janm jwenn repons pou sèvis saa paske fòmilè aplikasyon an kapab pa byen rampli.  Si sitiyasyon saa ta rive, ou pral bezwen yon avoka ki pou ede’w rezoud pwoblèm sa a.

Se yon gwo pwoblem nou rankontre souvan nan kominote Ayisyen an. Si sitwayen an te chwazi yon avoka an premye, li pa tap depanse yon pakèt kòb sou sitiyasyon sa a. Nou konn rankontre anpil sitwayen tou, ki depanse yon paket kòb paske fòmilè aplikasyon yo pat byen rampli ak bon jan enfòmasyon.  Ozetazini, depi ou siyen yon fòmilè aplikasyon, lap rete nan dosye’w pou tout res lavi’w.

Kontakte yon Avoka pou TPS jodia

Si ou se yon sitwayen Ayisyen e ou te fizikman prezan Ozetazi depi  mwa Me 2021, rele nou jodia pou chèche konnen si ou kalifye pou TPS Ayisyen an.  Sonje, si ou pa enskri pou TPS la ou ka pèdi kapasite pou ou jween benefis saa a pou toutan.

Nou disponib pou edew nan fason sa yo :

  1. Rele nou nan nimero : (407) 502-3000
  2. Oswa ranpli fòmilè nou an ki disponib sou paj sa, konsa nou ka kontakte’w.
  3. Mesi.

TPS For Haitians in the United States